1. Sa nou kolekte
Lè ou itilize Hoïs Inivèsite, nou kolekte 3 kategori enfòmasyon:
- Done idantite: non, imèl, telefòn, dat nesans, vil — sa w bay nou nan moman ou enskri oswa nan paj paramèt ou.
- Done sante: kondisyon medikal, mezi sik, tansyon, pwa, alèji, medikaman — sèlman sa ou chwazi pou pataje avè n.
- Done teknik: adrès IP, kalite navigatè, paj ou vizite — yon ti kantite enfòmasyon ki ede nou bay yon eksperyans pi bon.
Ou pa ka itilize sèvis la san done idantite (paske n bezwen konekte w ak kont ou); men tout lòt done a se chwa w.
2. Kòman nou itilize done yo
Nou itilize done w yo pou:
- Bay sèvis natiropatik la (konsiltasyon, tretman, gid)
- Pèsonalize rekòmandasyon plant ak konsèy sou kondisyon ou
- Voye yon notifikasyon ki enpòtan: mizajou abònman, kont, sipò
- Amelyore platfòm la (analiz anonim)
- Reponn demann sipò ou voye nou
Sa nou pa fè: Nou pa itilize done w yo pou fè reklam, vann ou nan tyès pati, oswa antrene modèl entèlijans atifisyèl piblik.
3. Avèk ki moun nou pataje
Nou pa janm vann done w. Men gen kèk patnè teknik nou itilize pou platfòm la mache:
- Supabase — sèvè baz done nou. Tout done rete an Etazini sou enfrastrikti yo.
- Vercel — sèvè ki sèvi paj yo. Pa kenbe okenn done pèsonèl.
- Stripe — pou peman (lè li aktive). Yo pwosesè kat kredi a; nou pa janm wè nimewo kat ou.
- Sètifikasyon legal: Si yon otorite legal Ayisyen oswa entènasyonal mande nou — ak yon manda valid — nou ka oblije bay enfòmasyon. Sa pap janm fèt anba bòl.
4. Kote ak konbyen tan
Done yo estoke nan baz done Supabase ki nan rejyon US-West (Etazini). Tout koneksyon ant navigatè w ak baz la kript ak TLS.
Kantite tan nou kenbe done yo:
- Kont aktif: tan ki abònman an aktif.
- Apre anile: 90 jou pou pèmèt restorasyon, apre sa li efase otomatikman.
- Done finansye (resi): 7 ane (obligasyon konptab).
5. Sekirite
Nou pran sekirite trè o serye. Mesi pratik nou aplike yo enkli:
- Modpas kript ak bcrypt — nou pa janm ka li yo
- Done sansib (medikal) ak Row-Level Security (RLS) Postgres
- Sesyon ki ekspire otomatikman
- Done finansye pase atravè Stripe — pa janm sou sèvè nou
- Bakap chak jou nan repèjyon jeografik diferan
Si w sispèk yon vyolasyon sekirite sou kont ou, kontakte nou san pèdi tan nan plant@medikaplant.org.
6. Dwa ou genyen
Ou genyen 5 dwa fondamantal sou done w yo:
- Aksè: wè tout done nou genyen sou ou.
- Korije: chanje sa ki pa kòrèk nan paramèt kont ou.
- Efase: mande tout done w yo retire (yon ekstre kont).
- Ekspòte: resevwa yon kopi nan fòma JSON oswa CSV.
- Refize: dezabonè nan kominikasyon yo san pèdi sèvis la.
Pou egzèse nenpòt nan dwa sa yo, ale nan paramèt kont ou oswa voye yon mesaj nan paj kontak la.
8. Timoun
Hoïs Inivèsite a fèt pou granmoun (16+ ane). Si w gen mwens ke 16 ane, ou bezwen pèmisyon paran oswa gadyen ou pou itilize sèvis la.
Si nou aprann nou kolekte done yon timoun ki gen mwens ke 16 ane san pèmisyon, n ap efase tout otomatikman.
9. Chanjman politik la
Nou ka mete politik sa ajou tan pou tan — sitou lè nou ajoute nouvo fonksyonalite oswa lè lwa yo chanje. Lè sa, n ap:
- Voye yon imèl ba ou ak chanjman ki enpòtan yo
- Mete dat "dènye mizajou" anwo paj sa
- Pou chanjman ki gen gwo enpak, mande otorizasyon w ankò
Si w pa dakò ak yon chanjman, ou ka anile abònman ou nenpòt lè epi efase tout done w yo.
10. Kontak konfidansyalite
Si w gen kesyon sou politik sa oswa sou fason nou itilize done w, kontakte nou:
- Imèl: plant@medikaplant.org
- Fòm kontak: hoismedikaplant.com/kontak — chwazi sijè "Sipò manm"
- Adrès postal: Delmas 31, Pòtoprens, Ayiti
Nou angaje pou reponn nenpòt demann konfidansyalite nan mwens ke 7 jou kalandriye.