Ale dirèkteman nan kontni
NouvoPlatfòm Hoïs VIP a ouvèWè pri yo
Misyon Ak Vizyon Nou

Misyon Ak Vizyon nou

Tout moun merite viv laj tèrès yo, sa vle di, kantite tan yo te vini fè isiba pandan pasaj yo isiba san maladi ak move kou malè pa voye yo ale anvan lè. Plant yo gen pwopriyete ak pouvwa medisinal ak pwotektè sa nan yo. Se konnen pou n aprann konnen, metrize ak manipile zouti lanati yo pou byen pou lavi kontinye fleri. Misyon sakre Medikaplant se ede nan aprantisaj ak transfè konesans sa pou materyalize zèv Limyè a sou latè. Medikaplant se yon platfòm edikatif ak enfòmasyonèl sou plant ki nan lanati. Ansanm n ap dekouvri byenfè ak sekrè plant pou pwotoje lavi.

Plant santiniye
Tradisyon
Plant ki te toujou la
Fèy
Tizan
2018
Depi
Misyon

Konsève konesans, pataje gerizon

Misyon nou se konekte konesans natiropatik Ayisyèn ak yon kominote dijital pou ke chak fanmi ka jwenn plant ki vrèman geri, ak yon Ton vye ki konnen sa li ap fè.

Nou kwè medsin tradisyonèl la pa kont lasyans modèn — yo de vwa ki menm chemen. Hoïs Inivèsite ap fè yo travay ansanm.

Rasin Ayisyen

Tout plant nou pale sou yo soti nan tradisyon Ayisyèn ak Karayib la pa gen yon konesans ki vin sot yon lòt kote.

Respè pou Granmèt

HOÏS la se yon pilye santral: nou onore Granmèt souf la ki kreye tout plant yo epi nou aprann pasyans nan men li.

Kominote ki sipòte

Yon rezo manm an Ayiti ak nan dyaspora ki pataje eksperyans, rezilta, ak ankourajman youn pou lòt.

Chemen nou

Soti yon ti pòt-fenèt, rive yon kominote

  1. 2019

    Premye atizan plant lan

    MedikaPlant kòmanse ak yon ti boutik atizanal pou plant santiniye ki dispoze nan kominote Pòtoprens.

  2. 2020

    Bouton konsiltasyon an

    Pandemi an pouse nou voye konsiltasyon yo an vidyo pou rive jwenn dyaspora a + kliyan andeyò Pòtoprens.

  3. 2023

    Nesans HOÏS Inivèsite

    Kreasyon yon pwotokòl fòmasyon konplè ki kombine plant tradisyonèl ak swivi pèsonalize pou chak kondisyon.

  4. 2026

    Platfòm dijital konplè

    Lansman aplikasyon Hoïs SaaS — swivi sante, gid, fowòm, ak yon Ton vye an pèsòn.

Sa nou kwè

6 valè ki gide chak desizyon nou pran

Yon platfom pa fèt nan moman an. Li bati sou prensip ki rete menm depi premye jou sa yo se boussol Hoïs Inivèsite a.

Tradisyon

Konesans plant medisinal Ayisyèn nou, transmèt jenerasyon apre jenerasyon san pèdi yon ti grenn.

Lasyans

Chak tretman dwe baze sou prèv syantifik ak rechèch klinik aktyèl; tradisyon ak lasyans pa nesesèman opoze youn ak lòt..

Bonjan Swen

Yon apwòch holistik: kò, lespri, ak nanm gen menm valè epi menm bezwen pou yo prospere.

Edikasyon

Ankouraje manm yo devlope otonomi nan jesyon pwòp sante yo olye pou kreye depandans, paske yon manm ki byen enfòme se yon manm ki pi byen pwoteje.

Respè

Pou Granmèt ki bay lavi, pou tè ki nouri plant yo, ak pou tout eritaj ak konesans ki mennen yo rive nan men nou.

Kominote

Yon rezo manm an Ayiti ak nan dyaspora ki mache ansanm epi sipòte youn lòt, paske gerizon pa fèt pou kont li.

Impak nou

Chif ki rakonte istwa a

8+
lane eksperyans
12k+
manm aktiv
120+
plant katalogize
95%
satisfaksyon manm yo
Vin pati de istwa a

Pa rete sou bò wout la — kòmanse vwayaj byennèt ou jodi a

Yon pakèt manm ap deja sèvi ak plan Hoïs Inivèsite a. Chwazi pou ou a, jwenn yon Ton vye dedye, epi suiv pwogrè w yo nan tèl tan reyèl.